Bib Odyo an Kreyòl Ayisyen | Li ak Koute Pawòl Bondye a

Nan kòmansman, Bondye te di Pawòl la, epi tout bagay vin egziste. Menm Pawòl sa a ap tann ou isit la nan chak liv Bib la, depi Jenèz rive Revelasyon, gratis pou li epi gratis pou tande yo li l byen fò.

Nan kòmansman, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li. (Jan 1:1-5)

Bon Nouvèl

N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. — Jan 5:39

Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. — Lik 24:27

Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. — Jan 1:14

Senyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan. — Miche 5:2

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo. — Jan 3:16-17

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo. — Lik 19:10

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. — Jan 8:12

Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. — Women 3:23

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an. — Women 6:23

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou. — Women 5:8

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li. — Ezayi 53:5-6

Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil. — Efezyen 1:7

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou. — Matye 11:28-30

— Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. — Jan 10:11

Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a. — Jan 17:3

Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. — Jan 14:6

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo. — Efezyen 2:8-9

Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye. — Jan 1:12

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen. — Revelasyon 3:20

Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans. — Women 10:13

Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. — Lik 18:13

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove. — Women 10:9

Liv Ansyen Testaman nan Bib Odyo an Kreyòl Ayisyen

KonplèKoutPi KoutSenp
JenèzJen
EgzòdEgz
LevitikLev
ResansmanRes
DeteronòmDet
JozyeJoz
Jij
Rit
1 Samyèl1 Sam
2 Samyèl2 Sam
1 Wa
2 Wa
1 Istwa1 Ist
2 Istwa2 Ist
EsdrasEsd
NeemiNe
EstèEst
Jòb
Sòm
PwovèbPw
EklezyasEkl
Chante SalomonChante
EzayiEz
JeremiJer
PlennPl
EzekyèlEze
DanyèlDan
Oze
Jowèl
Amòs
AbdiasAbd
Jonas
Miche
NawounNaw
AbakoukAbak
SofoniSof
Aje
ZakariZak
MalachiMal

Liv Nouvo Testaman nan Bib Odyo an Kreyòl Ayisyen

KonplèKoutPi KoutSenp
MatyeMat
MakMk
LikLk
JanJn
TravayTr
Ròm
1 Korint1 Kor
2 Korint2 Kor
GalasiGal
EfèzEf
FilipFil
KolòsKol
1 Tesalonik1 Tes
2 Tesalonik2 Tes
1 Timote1 Tim
2 Timote2 Tim
Tit
FilemonFilem
EbreEb
Jak
1 Piè
2 Piè
1 Jan1 Jn
2 Jan2 Jn
3 Jan3 Jn
Jid
RevelasyonRev

Mo kle:

bib odyo an kreyòl ayisyen
bib an kreyòl ayisyen
koute bib la an kreyòl
bib pou koute
bib kreyòl ayisyen gratis
li bib la an kreyòl
pawòl bondye an kreyòl
bib la chapit pa chapit
bib odyo gratis
koute pawòl bondye
bib kreyòl mp3
telechaje bib kreyòl ayisyen
bib kreyòl san entènèt
bib la anliy
li labib nan kreyòl
bon nouvèl jezikri
levanjil an kreyòl ayisyen
ansyen testaman kreyòl
nouvo testaman kreyòl
vèsè biblik an kreyòl
bib sen an kreyòl ayisyen
etid bib la an kreyòl
tande bib la
bib pou koute gratis
liv labib an kreyòl
jenèz an kreyòl ayisyen
sòm an kreyòl ayisyen
matye an kreyòl ayisyen
jan an kreyòl ayisyen
egzòd an kreyòl ayisyen
bib la 1998 ayisyen
koute som an kreyòl
bib odyo san entènèt
bib kreyòl pou telefòn
lekti bib kreyòl
pawòl bondye pou tande
bib konplè an kreyòl ayisyen
koute nouvo testaman kreyòl
bib la pou li anliy gratis

Leave a Comment